Sustainable Orgnanic Integrated Livelihoods · 26-BJJ-1343
Responsab Lojistik
Contrat
full_time
Salaire
Non précisé
Postulez avant le 30 septembre 2026
Description
SOIL fonde an Ayiti nan 2006 kòm yon repons a bezwen ki idantifye pa kominote a, ki enkli aksè a sanitasyon, amelyorasyon sekirite manje, kreyasyon travay, epi bati yon pi bon anviwonman.
SOIL se yon ONG ki anrejistre an Ayiti epi li se yon 501c3 nan Ozetazini. Sèvis SOIL ap bay kòm ONG, se ofri epi adrese bezwen sa yo nan yon pwosesis ekolojik pou transfome sa ki prezante yon pwoblèm sante piblik nan yon solisyon pou anviwonman an. Sèvis sanitasyon SOIL enkli 2 modèl biznis ki konekte: sèvis twalèt ki se “EkoLakay”, epi yon pwogram “Konpostaj” pou trete dechè yo.
Pou yon frè mansyèl, SOIL ofri yon sèvis twalèt ki rele “EkoLakay,” jiska prezan sèvis la gen plis pase 4400 fanmi ki nan depatman Nò ak Nòdès Ayiti. Pou sèvis Ekolakay la, kliyan yo jwenn yon sistèm twalèt sèch ki fonksyone ak resipyan epi ki akonpanye pa yon sèvis koleksyon ki fèt regilyèman. Tout dechè yo transpote nan yon sit trètman, kote li trete epi finalman transfòme nan yon konpòs ki swiv nòm ak estanda entenasyonal (OMS) pou elimine patojèn ki kapab prezan. Konpòs sa, ki rele ‘’ Konpos Lakay’’, rive teste nan laboratwa avan li anbale epi vann sou mache nasyonal la pou itilize nan domenn agrikòl la. SOIL ak ekip EkoLakay la genyen objektif pou agrandi sèvis la pou li rive jiska 8000 kliyan nan avni an.
Direksyon SOIL vle avize tout moun ke li genyen yon pòs vid nan biwo Kap-Ayisyen lap chache konble, tit pòs sa se Responsab Lojistik ak Mentnans
Tach Prensipal:
Jeneral
• Asire ke tout pwotokòl, endikasyon travay, ak kalandriye aktivite yo ap swiv jan sa defini pou Jesyon Pwosesis Lojistik ;
• Kondwi efikasman nenpòt veyikil SOIL (moto 2 wou, moto 3 wou, machin) nan kad deplasman operasyonèl yo chak fwa gen bezwen pou sa.
Mentnans ak Sèvis Reparasyon
• Responsab bon planifikasyon ak enplemantasyon tout sevis, mentnans, ak reparasyon nan tout veyikil ni anjen lou SOIL yo ;
• Elabore yon plan mentnans ak sèvis pou tout veyikil ak anjen lou ke SOIL genyen ;
• Reyalize rechèch epi soumèt rekomandasyon a sipevizè pa’w parapò ki konpayi ak endividyèl pou reyalize reparasyon pou nenpot materyèl ou aparèy ke SOIL genyen ;
• Fè swivi rapid pou reparasyon veyikil yo lè yo tonbe an pàn
• A chak fwa li nesesè, planifye fomasyon lojistik ak mentnans pou ekip wap sipèvizè
• Evalye tout kalite machin endistriyèl, pyès mekanik ak elektrik nap itilize, reponn a karakterisktik epi nesesite operasyon genyen;
• Planifye epi fè swivi renouvèlman tout dokiman legal veyikil yo avan dat ekspirasyon yo bo kote OAVCT, DGI, sevis sikilasyon eltriye.
Batiman/Elektrisite
• Fè enspeksyon regilye e asire mentnans ak reparasyon nan kay ak sit SOIL yo e sou tout ekipman biwo tankou klimatizè, vantilatè, ponp dlo.
• Fè swivi ak Manadjè yo pou toujou konnen travay ki bezwen fèt nan espas biwo yo
• Asire mentnans regilye nan sistèm kouran yo ;
Resous Imen
• Verifye tout ekip w’ap sipèvize, reyalize aktivite ki nan plan semèn yo e swiv tach ki nan pwofil pa yo;
• Reyini ak ekip w’ap sipèvize yo pou fè suivi sou plan semèn yo epi tande doleyans yo;
• Patisipe nan evalyasyon pèfomans pou ekip pa’w daprè kalandriye sipèvize’w etabli.
Jesyon Lojistik
• Kominike ak tout Manadjè yo pou konnen bezwen yo genyen ;
• Toujou kominike ak sipèvizè’w pou tout ka iregilarite ki rive pandan operasyon lojistik sou teren san pèdi tan ;
• Planifye epi kowòdone lojistik pou diferan aktivite pandan semèn yo ;
• Asire ke tout kilometraj veyikil e tan travay aparèy yo anrejistre dapre pwotokol ki etabli pou sa.
Enspeksyon veyikil
• Patisipe nan revizyon ak elaborasyon pwotokol /gid itilizasyon zouti ki lye ak operasyon lojistik tankou : pwotokol mentnans veyikil SOIL;
• Respekte tout pwotokòl nan kad sèvis operasyon (koleksyon – pwodiksyon - enstalasyon ak dezenstalasyon) yon fason pou swiv epi enplemante tout endikasyon travay yo;
• Asire ke dokiman legal veyikil la toujou ajou/valid epi prezan nan veyikil la: asirans, viyèt, plak, elatriye ;
Sipèvizyon
Pòs sa sipèvize direkteman pa Manadjè EkoLakay
N.B: Nou ankouraje fanm aplike pou pòs sa.
Pwosedi Rekwitman
Pou moun ki enterese nan pòs sa yo, Direksyon SOIL ap mande kandida a dokiman sa yo:
o CV
o Kopi diplòm (Mekanik oswa Lojistik)
o Pèmi kondui Tip B
o 3 referans, omwen de (2) nan yo dwe yon referans pwofesyonèl.
Si’w wè ke’w reponn a kritè yo epi’w enterese nan pòs sa, souple voye yon imèl ak tout dokiman yo nan adrès sa: jobs@oursoil.org epi ekri tit pòs la (REL_001) nan objè imel la.
Profil recherché
• Fomasyon nan Mekanik, Lojistik ak tout lot domèn ki gen lyen ak sa
• Konesans nan ekipman endistriyèl ak anjen lou
• Eksperyans travay nan Lojistkik, mentnans oswa jesyon flòt veyikil
• Konesans apwofondi nan mekanik jeneral,
• Konesans nan Elektrisite domestik ak endistriyèl (atou)
• Bon Sans lidèchip ak oganizasyon
• Bon Kapasite kominikasyon, rapotaj oral ak ekri
• Kapasite pou travay sou presyon entèn ak ekstèn
• Bon aptitid nan zouti teknolojik (Excel ; word ; Aplikasyon mobil/web)
• Konn kondui motosiklèt/ak machin
